Pou nou, nan kontèks koleksyon an, “Pou Lari A” vle di nou panse ak tout moun, sonw koleksyon nou fèepi lagel nan lari an koten konnen tout kalte moun ap jwen yon bagay, yon stil ki entèrese yo.
Nou te kesyone non koleksyon an, gen moun lèn pataje l avèk yo ki di poukisa “Pou Lari A”? Gen lòt ki di li péjoratif, men nou te vle re-apropriye n de lari a, de espas nou, stil nou, diferans nou, bote n, endividyalite n, idantite n. Pou nou wè bote lari a ki se vrèman kote tout moun pase, tout mounreprezante. Mòd gen pouvwa sa e yon koleksyon dwe bouskile lide prekonsi ak fason nou wè kèk bagay.
Lari a rete pi gwo sous enspirasyon nou, moun yo, koulè yo, imaj yo, pawòl ki ekri sou mi yo, kamyonètyo, bagay nou wè nou konprann, san gade nou pa konpran n ditou. Desen yo ane sa a sonw melanj de tout sa, gen sèn ki abstrè, gen lòt kou w parèt ou wè se katye w, se bagay ou abitye wè, se vibe lari a.
Pou Lari A